Koman ou kapap peye sou entènèt avèk Mon Cash ?

Koman ou kapab peye sou entènèt avèk Mon Cash ?
Madi 9 novanm 2021

Mon Cash se yon sèvis jesyon lajan ki pèmèt kliyan ki enskri yo fè tranzaksyon yo sou telefòn yo menm. Nan lane ki sot pase la yo, li mete sou pye yon sistèm ki pou pèmèt itilizatè li yo peye sou sit entènèt ki bay opsyon sa gras a kont Mon Cash ki sou telefon yo. Pou demonstrasyon sa nou itilize sit entènèt Biznis HMis la ki genyen li enstale sou li.

1
Klike sou bouton "Pay" Mon Cash la

Yon sit kapab bay plizyè opsyon pèman. Ladan yo, ou dwe chèche sa ki genyen bouton "Pay" Mon Cash la. Siw pa jwenn li, sè ke sit sa a pa pèmèt moun peye avèk Mon Cash. Apre ou fin ranpli fòmilè oubyen panye sit entènèt kote wap achte a, klike sou bouton an.

MonCash button in Biznis HMis cart

2
Mete enfòmasyon ki mande yo sou paj Mon Cash la

Lè ou rive sou paj Mon Cash kote pou ou fè pèman an, wap gen pou ou mete nimewo telefòn Mon Cash ou avèk kòd PIN ou.
Adrès paj sa ap kòmanse avèk : https://moncashbutton.digicelgroup.com/

MonCash button URL Mon Cash Payment form

3
Rantre kòd Mon Cash voye pou ou a

Mon Cash pral voye yo mesaj tèks (SMS) sou nimewo telefòn ou te mete a. Nan SMS sa wap jwenn yon kòd ki pèmèt ou konfime ke se oumenm ki ap fè pèman sa.

Mon Cash payment form 2

4
Fini pèman an epi retounen sou sit kotew te ye a

Nan ka tout bagay pase byen, Mon Cash ap voye yon SMS pou diw ke ke tranzaksyon an fèt. Si ta gen yon pwoblèm, pa egzanp siw pa ta gen ase lajan sou kont Mon Cash ou, wap jwenn yon lot mesaj ki eksplike pwoblèm nan. Pouw fini wap klike sou "OK" pou w retounen sou sit entènèt kotew te achte a.

Mon Cash payment confirmed Mon Cash sent confirmation SMS Biznis HMis invoice

Contactez nous

Biznis HMis

support@biznishmis.com
+509 3322-0770
+509 3613-9381

Prénom & Nom
Email/Téléphone*
Message *